Konfidansyalite
Dènye mizajou: Novanm 2026
W Photography respekte vi prive w. Paj sa a esplike ki enfòmasyon nou kolekte, poukisa, epi kisa w ka fè.
Sa nou kolekte
Lè w rezève: non w, imèl ou, nimewo telefòn ou, sesyon ak pake w chwazi a, dat ak lè a, ak nenpòt nòt ou ekri. Pou sesyon deyò, kote a. Pou kèk sesyon, konbyen moun. Lè w itilize fòm kontak la: non w, imèl ou ak mesaj ou.
Poukisa
Sèlman pou jere rezèvasyon w: pou konfime l, voye rapèl, epi kontakte w pou sesyon an. Nou pa janm vann enfòmasyon w ni pataje l pou piblisite.
Peman
Se Square, yon sistèm endepandan e trè fyab ki trete peman yo. W Photography pa janm wè ni kenbe nimewo kat ou.
Imèl
Pou konfimasyon ak rapèl, se yon konpayi ki ofri sevis sa yo ki voye yo pou nou.
Vizit sou sit la
Nou itilize Google Analytics pou n konprann, kòman moun itilize sit la, tankou ki paj yo vizite ak lè yon rezèvasyon fini. Google itilize cookies. Ou ka bloke oswa efase cookies yo nan paramèt navigatè w la.
Foto w yo
Lè w rezève, ou bay W Photography pèmisyon pou l itilize kèk foto pou pòtfolyo, sit entènèt ak rezo sosyal. Si w vle foto w yo rete prive, mande sa pa ekri avan oswa pandan sesyon an. W Photography kenbe dwa otè a, epi ou resevwa yon lisans pou itilizasyon pèsonèl.
Timoun
Se paran oswa responsab timoun nan ki dwe rezève pou li, epi nou pran sèlman enfòmasyon yo bay yo.
Chwa w
Ou ka mande pou w wè, korije oswa efase enfòmasyon w yo nenpòt ki lè. Ekri booking@walkyphotography.com. Nou ka kenbe kèk dosye sou rezèvasyon ak peman ki fèt deja, paske nou bezwen yo pou kontablite.